Josué. 19. Alò, dezyèm tiraj osò a te tonbe a Siméon, a tribi a fis a Siméon yo selon fanmi pa yo e eritaj pa yo te nan mitan eritaj a fis Juda yo. Konsa, yo te gen kòm eritaj yo Beer-Schéba, Schéba ak Molada, avèk Hatsar-Schual, Bala, Atsem, Eltholad, Bethul, Horma Tsiklag, Beth-Marcaboth, Hatsar-Susa, Beth-Lebaoth ak Scharuchen, trèz vil avèk bouk pa yo; Aïn, Rimmon, Éther ak Aschan, kat vil avèk bouk pa yo; epi tout bouk ki antoure vil sa yo, jis rive nan Baalath-Beer, ki se Ramath a Negev la. Sa se te eritaj a tribi fis a Siméon yo selon fanmi pa yo. Eritaj a fis Siméon yo te sòti depi nan pòsyon fis Juda yo, paske pòsyon Juda a te twò gran pou yo. Konsa, fis a Siméon yo te resevwa eritaj nan mitan eritaj Juda a. Alò, twazyèm tiraj osò a te monte pou fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo. Epi teritwa eritaj pa yo a te rive jis Sarid. Lizyè pa yo a te rive nan lwès jis Mareala e te touche Dabbéscheth pou te rive nan ti rivyè ki devan Jokneam nan. Epi li te vire soti nan Sarid vè lès, vè solèy leve, jis rive nan fwontyè Kisloth-Thabor, kouri rive nan Dabrath e monte a Japhia. Soti la, li te kouri vè lès, vè solèy leve, pou rive Guittha-Hépher, a Ittha-Katsin pou kontinye a Rimmon e lonje jis rive Néa. Lizyè a te koube antoure li vè nò rive nan Hannathon e li te fè bout li nan vale Jiphthach-El. Konte ladann tou, se te Katthath, Nahaial, Schimron, Jideala, Bethléem. Douz vil avèk bouk pa yo. Sa se te eritaj a fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo. Katriyèm tiraj osò a te tonbe a Issacar; pou fis Issacar yo avèk fanmi pa yo. Teritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak Sunem, Hapharaïm, Schion, Anacharath, Rabbith, Kischjon, Abets, Rémeth, En-Gannim, En-Hadda, avèk Beth-Patsets: Lizyè a te rive nan Thabor, nan Schachatsima, nan Beth-Schémesch e te fè bout li nan Jourdain an. Sèz vil avèk bouk pa yo. Sa se te eritaj a tribi a fis Issacar yo selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo. Alò senkyèm tiraj osò a te tonbe a tribi a fis Aser yo selon fanmi pa yo. Teritwa pa yo a se te Helkath, Hali, Béthen, Acschaph, Allammélec, Amead avèk Mischeal; li te touche Carmel avèk Schichor-Libnath nan lwès. Li te vire vè lès a Beth-Dagon pou te rive a Zabulon, ak nan vale Jiphthach-El vè nò a Beth-Émek avèk Neïel e kontinye vè Cabul, avèk Ébron, Rehob, Hammon, ak Cana, jis rive nan Gran Sidon. Lizyè a te vin vire vè Rama ak vil fòtifye ki rele Tyr la; epi li vin vire nan Hosa e li te fè bout li nan lanmè vè zòn Aczib. Osi, ladann se te Umma, Aphek, avèk Rehob. Venn-de vil avèk bouk pa yo. Sa se te eritaj a tribi fis Aser yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo. Sizyèm tiraj osò a te tonbe pou fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo. Lizyè pa yo a te soti nan Héleph, soti nan chèn a Tsaannim nan, Adami-Nékeb ak Jabneel, jis rive nan Lakkum pou li fin fè bout li nan Jourdain an. Epi lizyè a te vire vè lwès nan Aznoth-Thabor pou te kontinye soti la a Hukkok; epi li te rive nan Zabulon vè sid, li te touche Aser sou lwès e Juda bò kote Jourdain an vè lès. Vil fòtifye yo se te Tsiddim, Tser, Hammath, Rakkath, Kinnéreth, Adama, Rama, Hatsor, avèk Kédesch, Édréï, En-Hatsor, Jireon, Migdal-El, Horem, Beth-Anath, Beth-Schémesch. Dis-nèf vil avèk bouk pa yo. Sa se te eritaj a tribi a fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo. Setyèm tiraj osò a te tonbe a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo. Teritwa a eritaj pa yo a se te Tsorea, Eschthaol, Ir-Schémesch, avèk Schaalabbin, Ajalon, Jithla, epi Élon, Thiminatha, Ékron, Eltheké, Guibbethon, Baalath, Jehud, Bené-Berak, Gath-Rimmon, Mé-Jarkon ak Rakkon, avèk teritwa ki anfas Japho a. Teritwa a fis a Dan yo te ale pi lwen pase yo; paske fis a Dan yo te monte pou te goumen avèk Léschem e te pran li. Epi yo te frape li avèk lam nepe, yo te posede li e te vin abite ladann; epi yo te rele Léschem Dan menm non a Dan, papa pa yo. Sa se te eritaj a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo, vil sila yo avèk bouk pa yo. Lè yo te fin divize teren an kòm eritaj selon lizyè li, fis a Israël yo te bay yon eritaj nan mitan yo a Josué, fis a Nun nan. An akò avèk kòmand SENYÈ a, yo te ba li vil ke li te mande a, Thimnath-Sérach nan peyi ti mòn a Éphraïm nan. Konsa, li te bati vil la e li te abite ladann. Sila yo se te eritaj ke Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf an tèt kay a tribi yo pou fis Israël yo te separe pa tiraj osò nan Silo devan SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a. Konsa, yo te fin divize peyi a.