Kwonik Yo. 7. Alò, fis a Issacar yo se te kat: Thola, Pua, Jaschub avèk Schimron. Fis a Thola yo te Uzzi, Rephaja, Jeriel, Jachmaï, Jibsam ak Samuel, chèf lakay zansèt pa yo a. Fis a Thola yo te mesye gwo kouraj nan jenerasyon pa yo; fòs kantite yo nan jou a David yo te venn-de-mil-sis-san. Fis a Uzzi a te Jizrachja. Fis a Jizrachja yo: Micaël, Abdias, Joël, Jischija; tout nan senk sa yo se te moun chèf yo te ye. Avèk yo pa jenerasyon pa yo selon lakay zansèt pa yo, te trann-si-mil sòlda nan lame pou fè lagè, paske yo te gen anpil madanm avèk fis. Fanmi pa yo pami tout fanmi a Issacar yo te mesye gwo kouraj, anrejistre selon zansèt pa yo; antou, katre-ven-mil sòlda. Fis a Benjamin yo se te twa: Béla, Béker avèk Jediaël. Fis Bela yo te senk: Etsbon, Uzzi, Uziel, Jerimoth avèk Iri. Yo te chèf lakay zansèt pa yo, mesye ak gwo kouraj e yo te venn-de-mil-trant-kat anrejistre pa zansèt pa yo. Fis a Béker yo: Zemira, Joasch, Éliézer, Eljoénaï, Omri, Jerémoth, Abija, Anathoth avèk Alameth; tout nan senk sa yo te fis a Béker. Yo te anrejistre pa zansèt pa yo selon jenerasyon pa yo, chèf lakay zansèt pa yo, ven-mil-de-san mesye ak gwo kouraj. Fis a Jediaël la: Bilhan. Fis a Bilhan yo: Jeusch, Benjamin, Éhud, Kenaana, Zéthan, Tarsis ak Achischachar, Tout sila yo te fis a Jediaël, selon chèf a lakay papa yo, di-sèt mil-de-sant mesye ak gwo kouraj ki te prè pou sòti fè lagè avèk lame a. Schuppim avèk Huppim te fis a Ir yo; Huschim te fis a Acher a. Fis a Nephthali yo: Jahtsiel, Guni, Jetser avèk Schallum, fis a Bilha yo. Fis a Manassé yo: Asriel, fèt pa ti mennaj Siryen li an; li te fè Makir, papa a Galaad. Makir te pran yon madanm pou Huppim ak Schuppim. Non a sè li a te Maaca. Non a dezyèm fis la te Tselophchad; epi Tselophchad te gen fi. Maaca, madanm a Mamakir a te fè yon fis e te rele li Péresch; non a frè li a te Schéresch e fis pa li yo te Ulam avèk Rékem. Fis a Ulam la te Bedan. Sila yo te fis a Galaad, fis a Makir a, fis a Manassé a. Sè li, Hammoléketh te fè Ischhod, Abiézer ak Machla. Fis a Schemida yo te Achjan, Sichem, Likchi ak Aniam. Fis a Éphraïm yo: Schutélach; Béred, fis pa li; Thachath, fis pa li; Éleada, fis pa li; Thachath, fis pa li; Zabad, fis li; Schutélach, fis li; Ézer avèk Élead ki mesye Gath ki te fèt nan peyi yo te touye, akoz yo te desann pou vòlè bèt yo. Papa yo, Éphraïm te kriye pandan anpil jou e fanmi li te vini rekonfòte l. Epi li te vin antre nan madanm li, li te vin ansent, li te fè yon fis e li te bay li non Beria, akoz malè ki te rive lakay li a. Fi li a se te Scheera, ki te bati ni ba ni wo Beth-Horon, avèk Uzzen-Schééra. Réphach, fis li a ak Rescheph; Thélach, fis li a; Thachan, fis li a; Laedan, fis li a; Ammihud, fis li a; Élischama, fis li a; Nun, fis li a; Josué, fis li a. Teritwa pa yo avèk anplasman pa yo te Béthel avèk vil pa li yo ak nan lès Naaran; nan lwès, Guézer avèk vil pa li yo, Sichem avèk vil pa li yo, jis rive Gaza avèk vil pa li yo e Sichem avèk vil pa li yo jis rive nan Ayya avèk vil pa li yo, epi tou, nan longè fwontyè a fis Manassé yo, Beth-Schean avèk vil pa li yo, Thaanac avèk vil pa li yo, Meguiddo avèk vil pa li yo, Dor avèk vil pa li yo. Nan sila yo, te viv fis a Joseph yo, fis a Israël a. Fis a Aser yo: Jimna, Jischiva, Jischvi ak Beria; avèk Sérach, sè yo. Fis a Beria yo: Héber avèk Malkiel, ki te papa a Birzaith. Héber te vin papa a Japhleth, Schomer avèk Hotham ak Schua, sè yo. Fis a Japhleth yo: Pasac, Bimhal ak Aschvath. Sila yo se te fis a Japhleth yo. Fis a Schamer yo: Achi, Rohega, Hubba ak Aram. Fis a Hélem yo, frè li a: Tsophach, Jimna, Schélèsch ak Amal. Fis a Tsophach yo: Suach, Harnépher, Schual, Béri, Jimra, Betser, Hod, Schamma, Schilscha, Jithran ak Beéra. Fis a Jéther yo: Jephunné, Pispa ak Ara. Fis a Ulla yo: Arach, Hanniel ak Ritsja. Tout sila yo te fis a Aser, chèf lakay zansèt pa yo, mesye byen chwazi, byen fò e plen ak kouraj, chèf an tèt sou chèf yo. Epi non pa yo anrejistre selon zansèt pa yo, pou sèvis lagè te venn-si-mil òm.