Kwonik Yo. 24. Alò, men divizyon a desandan a Aaron yo: fis a Aaron yo te Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar. Nadab avèk Abihu te mouri avan papa yo, san yo pa t genyen fis. Pou sa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kon prèt. David, avèk Tsadok, fis a Éléazar yo ak Achimélec a desandan a Ithamar yo, te divize yo selon fonksyon yo nan sèvis pa yo. Akoz ke te gen plis chèf nan desandan a Éléazar yo pase nan desandan a Ithamar yo, yo te divize yo konsa: sèz chèf zansèt a desandan a Éléazar yo ak uit nan desandan Ithamar yo, selon lakay zansèt pa yo. Konsa yo te divize pa tiraj osò, youn tankou lòt la; paske yo te sèvi kon ofisye nan sanktiyè a e ofisye a Bondye, e nan desandan a Éléazar yo ak desandan a Ithamar yo. Schemaeja, fis a Nethaneel la, grefye pou trib Lévi a, te enskri yo nan prezans a wa a, chèf lakay zansèt yo, Tsadok, prèt la, Achimélec, fis a Abiathar a ak chèf a lakay zansèt a prèt avèk Levit yo; youn lakay zansèt ki te pran pou Éléazar yo e youn pou Ithamar yo. Alò, premye tiraj osò a te tonbe pou Jehojarib; dezyèm nan pou Jedaeja; twazyèm nan a Harim; katriyèm nan a Seorim; senkyèm nan a Malkija; sizyèm nan a Mijamin; setyèm nan a Hakkots; uityèm nan a Abija; nevyèm nan a Josué; dizyèm nan a Schecania; onzyèm nan a Éliaschib; douzyèm nan a Jakim; trèzyèm nan a Huppa; katòzyèm nan a Jeschébeab; kenzyèm nan a Bilga; sizyèm nan a Immer; di-setyèm nan a Hézir; di-zuityèm nan a Happitsets; diz-nevyèm nan a Pethachja; ventyèm nan a Ézéchiel; ven-te-inyèm nan a Jakin; venn-dezyèm nan a Gamul; venn-twazyèm nan a Delaja; venn-katriyèm nan a Maazia. Sa yo te pozisyon sèvis yo te fè lè yo te antre lakay SENYÈ a selon règleman ki te bay a yo menm pa Aaron, zansèt pa yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande li a. Alò, pou lòt fis a Lévi yo: nan fis Amram yo: Schubaël; nan fis a Schubaël yo: Jechdia; a Rechabia: selon fis a Rechabia yo: chèf Jischija. Selon Jitsearit yo: Schelomoth; nan fis a Schelomoth yo: Jachath. Fis a Hébron yo: Jerija, premye a, Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan, Jekameam, katriyèm nan. Selon fis a Uziel yo: Michée; epi fis a Michée yo, Shamir. Frè a Michée a, Jischija; nan fis a Jischija yo: Zacharie. Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi; fis a Jaazija yo, Beno. Fis a Merari yo: pa Jaazia, Beno, Schoham, Zaccur ak Ibri. Pa Mahli: Éléazar ki pa t gen fis. Pa Kis: nan fis a Kis yo, Jerachmeel. Fis a Muschi yo: Machli, Éder ak Jerimoth. Sila yo osi te voye kon tiraj osò tankou manm fanmi pa yo, fis a Aaron yo nan prezans a David, wa a, Tsadok avèk Achimélec, chèf lakay zansèt pa yo pami prèt ak Levit yo, chèf lakay papa pa yo jis jan sa ye pou nan pi piti frè li yo.