Job. 7. “Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè? Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye? Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj, tankou jounalye k ap tann kòb li, se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè, e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen. Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’ Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten. Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè. Po m vin di e li koule pij. Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a. Yo fini sanzespwa. Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf; zye m p ap wè sa ki bon ankò. Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò. Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò. Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt. Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò. Li p ap retounen ankò lakay li, ni plas li p ap rekonèt li ankò. “Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen. Mwen va pale nan doulè lespri m; mwen va plenyen nan lespri anmè mwen. Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a, pou Ou te mete gad sou mwen? Si mwen di: ‘Kabann mwen va ban m repo, sofa m va soulaje plent mwen,’ answit, Ou fè m krent ak rèv, e teworize m ak vizyon; jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe; pito lanmò olye doulè mwen yo. Mwen fin epwize nèt; mwen p ap viv tout tan. Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf. Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li e pou Ou bay ka li enpòtans, pou Ou fè l pase egzamen chak maten e fè l pase eprèv chak moman? Èske Ou p ap janm sispann gade m, ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m? Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou, Ou menm, ki gadyen lòm? Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen? Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”