Sòm Yo. 2. Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa, e pèp yo fòmante yon vye bagay? Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a: “Annou chire chenn sa yo, e jete kòd ki mare nou yo!” Sila ki chita nan syèl la ri; SENYÈ a ap moke yo. Anplis, Li va pale avèk yo nan kòlè Li. Li va fè yo sezi nan kòlè Li. Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an. Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen. Se jodi a, Mwen te fè Ou. Mande Mwen, e Mwen va bay Ou nasyon yo kon eritaj, jis rive nan dènye pwent latè kon posesyon pa Ou. Ou va kase yo avèk yon baton fè, Ou va kraze yo tankou veso kanari.” Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès. Fè atansyon, O jij sou latè yo. Adore SENYÈ a avèk gran respè e rejwi avèk tranbleman. Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.