Sòm Yo. 6. Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd. Yon sòm David. O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou, ni ba m chatiman nan fachez Ou. Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen chagren anpil. Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey, epi nanm mwen fè gwo chagren. Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè? Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape. Sove mwen akoz lanmou dous Ou a. Paske mò yo pa rele non Ou. Nan andwa kote mò yo ye a, se kilès k ap bay Ou remèsiman? Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m. Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo. Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan. Zye m pouri nèt ak gwo doulè. Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo. Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo, paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen. SENYÈ a te tande demand priyè mwen. SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen. Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt. Yo va vire fè bak sibitman. Yo va vin wont anpil.