Sòm Yo. 8. Pou direktè koral la; jwe sou gitia la. Yon sòm David. O SENYÈ, Senyè nou an, A la non Ou gran sou tout latè! Ou te fè parèt klè mayifisans Ou piwo pase syèl yo! Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo, Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo, pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann. Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo, lalin ak zetwal ke Ou te fè yo, Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li? Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li? Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye, e te kouwone li ak glwa avèk lonè! Ou fè li regne sou zèv men Ou yo. Ou te mete tout bagay anba pye li: Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan, zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo, ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo. O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.