Sòm Yo. 12. Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd Yon sòm David. Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste, Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo. Yo pale sa ki fo a youn lòt. Lèv flatè yo ak kè doub yo pale. Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo, ak lang ki pale gwo bagay yo; ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi. Lèv nou se pou nou. Se kilès ki kab mèt sou nou?” “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.” Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach; tankou ajan ki teste nan founo, rafine nan tè sèt fwa. Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo. Ou va prezève yo soti nan jenerasyon sila a jis pou tout tan. Mechan yo pwomennen toupatou tout kote lè bagay ki lèd vin leve wo pami fis a lòm yo.