Sòm Yo. 15. Yon sòm David O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou? Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an? Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo; li ki pale verite a nan kè li a; ki pa fè kout lang sou lòt, ni fè vwazen li mal, ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li; nan zye a sila yon vagabon meprize a, men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo; li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal, e li pa chanje menm; Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.