Sòm Yo. 17. Yon Priyè a David Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun. Kite pawòl mwen parèt akoz prezans Ou; Kite zye Ou gade avèk jistis. Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò. Alò, pou zèv a lòm yo, selon pawòl a lèv Ou yo, Mwen te evite chemen a vyolan yo. Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la. Pye mwen pat janm glise. Mwen te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye. Enkline zòrèy W bò kote m. Tande pawòl mwen yo. Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a, O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo. Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou. Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou, kont mechan ki depouye m yo, lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m. Yo fin fèmen kè rèd yo. Avèk bouch yo, yo pale awogans. Koulye a, yo fin antoure nou pandan n ap mache. Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè. Se tankou yon lyon ki anvi devore, tankou yon jenn lyon k ap kache nan fènwa. Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou, Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ, depi nan men lòm de mond sa yo, k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a. Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo. Fis ou yo gen kont, e yo mete an rezèv pou pitit pa yo. Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a; mwen va satisfè avèk vizaj Ou lè m ouvri zye m.