Sòm Yo. 29. Yon sòm David Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo, bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs. Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a. Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen. Vwa SENYÈ a sou dlo yo. Bondye glwa la fè tonnè gwonde, eklate. SENYÈ a sou anpil dlo. Vwa SENYÈ a gen gwo fòs. Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste. Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo. Wi, SENYÈ a fann an mòso bwa sèd Liban yo. Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e Sirion tankou yon jèn bèf mawon. Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife. Vwa SENYÈ a souke savann nan. Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la. Vwa SENYÈ a fè bich la fè pitit. Li fè forè a vin toutouni. Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”! SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an. Wi, SENYÈ a chita kon Wa jis pou tout tan. SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a. SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.