Sòm Yo. 51. Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba. Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a. Selon grandè a mizerikòd ou, efase transgresyon mwen yo. Lave m nèt de inikite mwen yo e netwaye m de peche mwen an. Paske mwen konnen transgresyon mwen yo. Peche mwen yo devan m tout tan. Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche, e te fè mal devan zye Ou. Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije. Gade byen, mwen te fèt nan inikite, e se nan peche manman m te vin ansent mwen. Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt. Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès. Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj. Fè m tande lajwa avèk kè kontan, pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi. Kache figi Ou de peche m yo. Efase tout inikite mwen yo. Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ, epi refè yon lespri ki dwat anndan m. Pa jete mwen lwen prezans Ou e pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen. Restore nan mwen lajwa sali Ou a. Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte. Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo, e pechè yo va konvèti a Ou menm. Delivre mwen de koupabilite san vèse a, O Bondye, Bondye a sali mwen an. Konsa, lang mwen va chante avèk jwa selon ladwati a Ou menm nan. O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen pou m kab deklare lwanj Ou. Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis. Otreman, mwen ta bay li. Ofrann brile yo pa fè Ou kontan. Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze. Yon kè brize e ki repantan, O Bondye, Ou p ap meprize l. Avèk bonte Ou, fè byen pou Sion. Bati miray a Jérusalem yo. Konsa, Ou va rejwi nan sakrifis ladwati yo, nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo. Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.