Sòm Yo. 67. Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan Ke Bondye ka fè nou gras, beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou—— Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a, ak sali Ou pami tout nasyon yo. Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou. Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa, paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou. Latè te bay pwodwi li. Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou. Bondye ap toujou beni nou. Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.