Sòm Yo. 76. Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd Yon Sòm Asaph, yon Chanson Bondye byen rekonèt nan Juda. Non Li gran an Israël. Tabènak Li a nan Salem. Abitasyon Li an osi nan Sion. La, Li te kase flèch dife yo, boukliye ak nepe ak zam lagè yo. Ou manyifik, pi majeste pase mòn ak bèt lachas yo. Sila ak gran kouraj yo te piyaje, yo te fonse tonbe nan dòmi mò a. Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo. Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob, ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy. Ou menm, Ou merite lakrent. Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache? Ou te fè jijman tande soti nan syèl la. Latè te krent, e te kanpe rete an plas lè Bondye te leve nan jijman an, pou sove tout enb sou latè yo. Tan Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal. Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo. Kite tout sila ki antoure Li yo mennen don a Sila ki merite lakrent lan. Li va koupe retire nanm a prens yo. Wa latè yo gen lakrent Li.