Sòm Yo. 93. SENYÈ a renye! Li abiye an majeste! SENYÈ a te abiye Li ak fòs. Anverite, mond lan etabli byen solid. Li pa ebranle menm. Twòn Ou etabli depi tan ansyen an. Ou la depi nan etènite. Flèv yo te leve, O SENYÈ, Flèv yo te leve vwa yo, flèv yo te leve gwo vag frapan yo. Plis pase bri a anpil dlo, pase gwo vag lanmè debòde, SENYÈ anwo a pwisan. Regleman Ou yo kanpe nèt; Sentete byen bèl lakay Ou a O SENYÈ, jis pou tout tan.