Sòm Yo. 101. Yon Sòm David Mwen va chante de lanmou dous avèk jistis. A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj. Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la. Kilè Ou va vini kote mwen? Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m. Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m. Mwen rayi zèv a sila ki chite yo. Sa p ap tache men l sou mwen. Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen. Mwen p ap aksepte konnen okenn mal. Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè, li menm, mwen va detwi. Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li. Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m. Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menm ki va sèvitè mwen. Sila ki pratike manti p ap rete lakay mwen. Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m. Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo, Pou m kab koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.