Sòm Yo. 120. Yon chanson pou monte vè tanp lan Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen. Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon, de lang ki plen manti yo. Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O lang mansonjè? Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen. Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec, Paske mwen rete pami tant a Kédar yo! Nanm mwen gen demè li avèk sila ki rayi lapè yo pandan twòp tan. Mwen vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.