Sòm Yo. 121. Yon Sòm pou monte vè tanp lan Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti? Sekou m sòti nan SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a. Li p ap kite pye ou chape. Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi. Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi. SENYÈ a se gadyen ou. SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou. Solèy p ap frape ou lajounen, ni lalin pandan lannwit. SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal. Li va kenbe nanm ou. Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.