Sòm Yo. 130. Yon chan pou monte vè tanp lan. Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo. Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe? Men avèk Ou menm, gen padon, pou moun ta gen reverans Ou. Mwen tann SENYÈ a. Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li, mwen mete espwa m. Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis pase gadyen k ap tann maten rive a. Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a. O Israël, mete espwa nan SENYÈ a. Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd. Avèk Li, gen redanmsyon an abondans. Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.