Sòm Yo. 134. Yon chan pou monte vè tanp lan. Gade byen! Beni SENYÈ a, tout sèvitè SENYÈ yo, Ki sèvi pandan lannwit lakay SENYÈ a! Leve men nou vè sanktiyè a, e beni SENYÈ a. Ke SENYÈ a beni ou soti nan Sion, Sila ki te fè syèl la avèk tè a.