Sòm Yo. 138. Yon Sòm David Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m. Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo. Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a, e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a; Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay. Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen. Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen. Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, lè yo fin tande pawòl a bouch Ou. Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a, paske gran se glwa SENYÈ a. Paske malgre SENYÈ a egzalte, Li toujou okipe sila ki ba yo. Men moun ki ògeye yo, Li rekonèt yo de lwen. Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub, Ou va fè m reprann mwen. Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo. Men dwat Ou va sove mwen. SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an. Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan. Pa abandone zèv men Ou yo.