Sòm Yo. 144. Yon Sòm David Beni se SENYÈ a, wòch mwen an, ki enstwi men m pou fè lagè, ak dwèt mwen pou batay. Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, Fòterès mwen ak liberatè mwen an, Boukliye mwen an nan sila mwen kache a, Ki soumèt pèp mwen an anba m. O SENYÈ, se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li? Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li? Lòm se tankou yon sèl souf. Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase. Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann. Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen. Fè parèt eklè pou gaye yo. Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon. Lonje men Ou soti anwo. Fè m sekou! Delivre m sòti nan gwo dlo yo, nan men etranje yo ak bouch kap pale manti yo e men dwat a sila ki se men dwat a manti yo. Mwen va chante yon chan tounèf a Ou menm, O Bondye; Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm, Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, chape de nepe lanmò a. Fè m sekou e delivre m de men a etranje yo, Bouch a sila ki pale desepsyon yo, e men dwat a sila ki men dwat a manti yo. Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi, e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta embeli yon palè wayal. Kite depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi. Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo. Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj. Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e nanpwen moun k ap rele “anmwey” nan lari nou yo. A la beni pèp ki ranje konsa beni! A la beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.