Sòm Yo. 150. Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a nan sanktiyè Li a! Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo! Louwe Li pou zèv pwisan Li yo! Louwe Li selon bèlte a grandè Li! Louwe Li ak son twonpèt la! Louwe Li ak ap avèk gita! Louwe Li ak tanbouren ak dans! Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit! Louwe Li ak senbal byen fò! Louwe Li ak senbal k ap retanti! Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a!