Pwovèb. 4. Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa, e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann, Paske mwen bay ou bon konsèy; pa abandone enstriksyon mwen. Lè m te yon jenn timoun ak papa m, byen jenn e sèl fis devan zye a manman m, Alò, li te enstwi mwen e te di mwen: “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen; kenbe lòd mwen yo pou ou viv. Vin ranmase sajès! Ranmase bon konprann! Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo. Pa abandone li e li va pwoteje ou; renmen li e li va veye sou ou. Men sa ki kòmansman sajès la: Ranmase sajès! Epi avèk sa ou rasanble a, chache bon konprann. Mete valè li wo e li va fè ou leve; li va bay ou onè si ou anbrase l. Li va poze sou tèt ou yon kouwòn lagras; li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.” Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo, e lane lavi ou yo va vin byen long. Mwen te dirije ou nan chemen sajès la; mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo. Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen; epi si ou kouri, ou p ap glise tonbe. Pran enstriksyon; pa lage menm. Pwoteje li paske li se lavi ou. Pa antre nan chemen mechan yo, e pa avanse nan vwa malfektè yo. Evite li, pa pase kote li; vire kite li e ale byen lwen. Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal; epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo si yo pa fè lòt glise tonbe. Paske yo manje pen a malveyan yo e bwè diven vyolans. Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt. Chemen mechan yo tankou tenèb; yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe. Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo; panche zòrèy ou vè diskou mwen yo. Pa kite yo vin disparèt devan zye ou; kenbe yo nan fon kè ou. Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo, ak lasante a tout kò yo. Veye sou kè ou ak tout dilijans; paske de li, sous lavi yo koule. Mete lwen de ou yon bouch manti e mete tout pawòl foub byen lwen ou. Kite zye ou gade tou dwat devan e kite vizyon ou konsantre devan nèt. Veye wout pye ou konn pran e tout chemen ou yo va byen etabli. Pa vire ni adwat ni agoch; fè pye ou vire kite mal.