Pwovèb. 11. Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a; men yon pwa ki jis se plezi Li. Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv; men avèk moun enb lan, se sajès. Entegrite a moun dwat la va gide yo; men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo. Richès pa gen avantaj nan jou jijman an; men ladwati va delivre moun soti nan lanmò. Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa; men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li. Ladwati a moun dwat yo va delivre yo; men moun trèt yo va kenbe pa pwòp vorasite yo. Lè yon nonm mechan mouri, sa li anvizaje a mouri avè l. Moun dwat la va delivre soti nan twoub; men mechan an va pran plas li. Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li; men ak konesans, moun dwat yo va delivre. Lè sa ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans; e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa. Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo; men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt. Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt; men yon nonm ak bon konprann pa pale menm. Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo; men sila ki dign de konfyans sere yon bagay. Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe; men ak anpil konseye, gen viktwa. Sila ki se garanti pou yon moun li pa konnen, va vrèman soufri pou sa a; men sila ki rayi vin yon garanti va asire. Yon fanm ak gras twouve onè; e mesye san prensip yo twouve richès. Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li; men yon nonm mechan fè tèt li mal. Mechan an ranmase salè li nan koken; men sila ki simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan. Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi, e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li. Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a; men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li. Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; men desandan a moun dwat yo va delivre. Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon, se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans. Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon; men dezi a mechan an mennen jijman. Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis. Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke. Sila ki bay ak bon kè a va pwospere; sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li. Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la; men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an. Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye; men sila ki chache mal la, se mal la k ap vin jwenn li. Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe; men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa. Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van; e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la. Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi, e sila ki saj va sove nanm yo. Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè, konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!