Pwovèb. 13. Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l, men yon mokè pa koute repwòch. Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans. Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li; sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt. Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra. Yon nonm dwat rayi sa ki fo; men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont. Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la; men mechanste fè pechè a vin souye nèt. Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen; yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès. Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li; men malere a pa tande menas. Limyè a moun dwat la se rejwisans; men lanp a mechan an va etenn. Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo. Richès ki sòti nan manti koule ale; men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi. Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi. Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwe a; men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li. Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi pou detounen pèlen lanmò a. Bon konprann pwodwi favè; men chemen moun ki pa fidèl la di. Tout moun ki pridan aji ak konesans; men yon moun san konprann parèt ak foli li. Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite; men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan; men sila ki konsidere repwòch la va onore. Yon dezi ki realize se dous a nanm nan, men moun bèt pa vle kite mechanste. Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri. Se malè ki kouri dèyè pechè yo; men moun dwat yo va pwospere. Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo. Gen anpil manje nan tè malere a; men li fin bale nèt akoz enjistis. Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans. Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li; men vant mechan an toujou gen bezwen.