Pwovèb. 14. Fanm saj la bati kay li, men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li. Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a; men sila ki fè chemen kwochi a meprize li. Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li; men lèv a saj yo va pwoteje yo. Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp; men se fòs a bèf la ki fè richès. Yon temwen fidèl p ap bay manti; men yon fo temwen pale manti. Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan. Kite prezans a yon moun ensanse, sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo. Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon. Moun ensanse kontwole peche kon jwèt; men pami moun dwat yo, gen bòn volonte. Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li; men ak lòt, sa p ap pataje. Lakay mechan yo va detwi; men tant a moun dwat la va fleri. Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm; men fen li se chemen lanmò an. Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè, e lajwa kon fini nan tristès. Kè a ki pa fidèl va jwen rekonpans pou pwòp chemen li; men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a. Moun san konprann kwè nan tout bagay; men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo. Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal; men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen. Yon nonm kolerik aji nan foli, e yon nonm kokèn va rayi pa lòt yo. Moun san konprann yo gen foli kon eritaj; men moun rezonab lan kouwone ak konesans. Mal la va bese devan sa ki bon an; e mechan an devan pòtay a moun dwat la. Malere a vin rayi menm pa vwazen li; men moun gwo kòb gen anpil zanmi. Sila ki meprize vwazen li fè peche; men sila ki fè gras a malere a, beni. Èske sila ki fòmante mechanste a, pa egare? Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon. Nan tout travay gen pwofi; men pale anpil mennen nan povrete. Kouwòn saj yo se richès yo; men betiz moun ensanse se foli yo. Yon vrè temwen sove lavi a moun; men sila ki pale manti pase moun nan betiz. Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans; e pitit li yo va jwenn sekou. Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi, pou moun ka evite pèlen lanmò yo. Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa, men afè prens ki manke moun gate nèt. Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann; men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo. Yon kè trankil se lavi pou kò a; men pasyon fè tout zo yo pouri. Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L. Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri. Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan; menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen. Ladwati leve yon nasyon; men peche se yon gwo wont pou yon pèp. Favè a wa a se anvè sèvitè ki aji ak sajès; men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.