Ésaïe. 26. Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda: “Nou gen yon vil ki fò; li monte miray ak ranfò pou sekirite. Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre; sila ki rete fidèl la. Sila ki rete fèm nan panse li yo, Ou va kenbe nan lapè pafè, akoz li gen konfyans nan Ou. Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan, paske nan BONDYE SENYÈ a, nou gen yon Wòch etènèl. Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo, vil ki pa t kapab venk lan. Li te desann li ba. Li te desann li jis atè. Li te jete li nan pousyè. Pye va foule l, pye a malere a, pla pye a sila ki san sekou yo.” Chemen moun jis se ladwati. O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla. Anverite, selon jijman Ou yo, O SENYÈ, nou t ap tann Ou. Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou. Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; paske lè jijman Ou yo rive sou latè, sila ki rete ladann yo, aprann ladwati. Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati. Li aji ak enjistis nan peyi ladwati. Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a. O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo. SENYÈ, Ou va etabli lapè pou nou, akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo. O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou; men se non Ou sèl, ke nap konfese. Sila ki mouri yo p ap viv. Lespri ki pati yo p ap leve ankò. Konsa, Ou te pini yo, detwi yo e Ou te efase tout memwa a yo menm. Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ, Ou te agrandi nasyon an! Ou leve wo! Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj. O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo. Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche; li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan; se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ. Nou te ansent, nou te vire kò, men nou pa t bay nesans a plis ke van. Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a, ni pitit mond yo pa t tonbe. Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo. Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou e fèmen pòt nou dèyè nou. Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase. Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li, pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo. Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo, e li p ap kache mò li yo ankò.