Ésaïe. 35. Savann nan ak dezè a va kontan. Tè dezole a va rejwi e flèri, tankou yon woz. Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan, e fè yon kri lajwa. Glwa Liban an va bay a li menm; majeste a Carmen ak Saron an. Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an. Ankouraje men ki pedi fòs, e ranfòse jenou ki fèb la. Pale a sila ki gen kè twouble yo, “Pran kouraj! Pa pè! Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans. Rekonpans Li an va rive. Li va vini, e Li va sove nou.” Konsa, zye avèg yo va louvri, e zòrèy a soud yo debouche. Moun bwate yo va vòltije tankou sèf, e lang bèbè a va rele ak gwo jwa. Paske dlo va pete nan tè sèch yo, ak vwa dlo yo nan dezè a. Peyi deseche a va vin tounen yon letan, e tè swaf kòn sous k ap pete dlo. Nan landwa chen mawon yo, nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon. Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la. Nanpwen lyon k ap la, ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li. Yo p ap twouve la. Men rachte yo va mache la. Rachte a SENYÈ yo va retounen. Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. Yo va twouve kè kontan ak lajwa; tristès ak soupi va sove ale.