Luc. 3. Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène, nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a. Konsa, li te vini nan tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo. Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la: “Lavwa a yon moun k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a, Fè wout Li yo dwat, Chak vale va ranpli, E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese. Kwochi yo a va vin drese, E move wout yo va vin swa. Tout chè va wè delivrans Bondye a.’” Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: “Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an? Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo. Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.” Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?” Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.” Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?” Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.” Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”? Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.” Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, pou konprann si se Kris la ke li te ye, Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife. Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk dife ki pa kapab etenn.” Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la. Men lè l te bay Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo, Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin mete Jean nan prizon. Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri, e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.” Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli, fis a Matthat, fis a Lévi, fis a Melchi, fis a Jannaï, fis a Joseph, fis a Mattathias, fis a Amos, fis a Nahum, fis a Esli, fis a Naggaï, fis a Maath, fis a Mattathias, fis a Sémeï, fis a Joseph, fis a Joda, fis a Joanan, fis a Rhésa, fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri, fis a Melchi, fis a Addi, fis a Kosam, fis a Elmadam, fis a Er, fis a Jésus, fis a Éliézer, fis a Jorim, fis a Matthat, fis a Lévi fis a Siméon, fis a Juda, fis a Joseph, fis a Jonam, fis a Éliakim, fis a Méléa, fis a Menna, fis a Mattatha, fis a Nathan, fis a David, fis a Isaï, fis a Jobed, fis a Booz, fis a Salmon, fis a Naason, fis a Aminadab, fis a Admin, fis a Arni, fis a Esrom, fis a Pharès, fis a Juda fis a Jacob, fis a Isaac fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor, fis a Seruch, fis a Ragau, fis a Phalek, fis a Éber, fis a Sala, fis a Kaínam, fis a Arphaxad, fis a Sem, fis a Noé, fis a Lamech, fis a Mathusala, fis a Énoch, fis a Jared, fis a Maléléel, fis a Kaïnan, fis a Énos, fis a Seth, fis a Adam, fis a Bondye.